top of page

Pwogramasyon

RTAK se yon zouti kominikasyon ki gen pou objektif evanjelizasyon, fòmasyon, enfòmasyon ak distraksyon pou rive ak yon pi bon lavi tèt ansanm nan kominote a. Li merite genyen yon pwogramasyon ki kreyatif epi ki gen sans li nan pote Bòn Nouvèl la pou delivrans lèzòm.

Pou chak jou yo

Se moman ki pi kreyatif nan radyo a. Chak jou li enpòtan pou envante, anbeli desine epi pataje diferan espas nan pwogramasyon an. Se poutèt sa, pou chak jou nan semenn nan nou pral gen yon lide sou sak pral pase pandan jounen an epi nan ba ki anlè seksyon sa a ou kapab jwenn pwogram chak jou yo depi ou klike sou li.

Dimanch

Se jou Seyè a. Pou nou rantre nan lespri jou sa a anplis de animasyon espirityèl, Lamès, lapriyè anjelis ak chaplè nap genyen espas pou kèk mizik retro ayiti espesyalman bolewo epitou espas pou koute kèk pyès teyat lakay.

Lendi

Anpil divèsite nan jou sa a. Depi nan maten nap genyen moman lapriyè, animasyon espirityèl, detant, lekti ak fòmasyon sou Pawòl Bondye a, moman lapriyè pou malad yo, moman pou koute nouvèl entènasyonal ak Ayiti, enfòmasyon sou espò.

Madi

Nan twazyèm jou semenn nan nap jwenn moman lapriyè, animasyon espirityèl, detant, lekti ak fòmasyon sou Pawòl Bondye a, moman pou koute nouvèl entènasyonal ak Ayiti, fòmasyon sou Legliz Katolik ak Lavyèj.

Mèkredi

Pwogramasyon jou sa a  gen pou wè ak animasyon espirityèl, lapriyè, detant, lekti ak fòmasyon sou Pawòl Bondye a, moman lapriyè pou malad yo, moman pou koute nouvèl entènasyonal ak Ayiti, enfòmasyon sou espò ak ansèyman sou yon sijè kelkonk sou Lafwa kretyen an.

Jedi

Nan senkyèm jou semenn nan nap jwenn moman lapriyè, animasyon espirityèl, lekti ak fòmasyon sou Pawòl Bondye a, detant, moman pou koute nouvèl entènasyonal ak Ayiti, fòmasyon sou Pawòl Bondye a ak Lavyèj.

Vandredi

Se kòmansman week-end lan, pwogramasyon an ap gen pou wè ak moman lapriyè, animasyon espirityèl, detant, lekti ak fòmasyon sou Pawòl Bondye a, moman pou koute nouvèl entènasyonal ak Ayiti, fòmasyon sou Legliz la, lapriyè pou malad yo a enfòmasyon sou espò.

Samdi

Yon jou espesyal ki konsakre a ansèyman, lapriyè espesyal pou jèn yo, ribrik sante, mizik angaje, moman sou Lavyèy, mizik konpa ak detant.

bottom of page